M O T I V A T I O N

[MOTIVATION] DI’M KI POZISYON-N?



Dr. Hamlet Alexandre Cliquez pour visiter son Blog

Di’m, pou kiyès nou ye?

Poukisa nou ye?

Kisa nou ap defann?

Kisa nou ap tann?

Poukisa nou anreta?

Poukisa nou dènye nan America?

Di’m si nou renmen Ayiti nou an?

Poukisa se politik kan nannan

Ke nou ap pratike nan yon kontinan?

Poukisa genyen peyi k´ap pwogrese

Pou peyi pa-n olye’l avanse se regrese?

Di’m eske se sa nou vle

Pou Ayiti rete toujou paralize

Pou li pa kanpe leve mache?

Eske andan’l dwe rete tou kraze?

Di’m, pou kiyès nou ye?

Poukisa nou ye?

Di´m kisa n´ap fè

Eske nou vle Ayiti refè?

Di’m poukisa se manifestasyon

Nou kontan fè pou mete peyi a sou tansyon

Nan mache brile enstitisyon?

Di’m poukisa nap mache tiye sèvo yo

Pou Ayiti kapab toujou rete sou do?

Poukisa nan kriz nou pran plezi

Epi pèp la menm rete ape soufri?

Di’m poukisa an Ayiti tout chaj sou gouveneman

Olye tout ayisyen travay nan peyi a pou pote chanjman?

Poukisa nou panse tikal olye nou panse gran?

Poukisa nou ap kalifye-n de politisyen

Men nou pa vle ede pou bougi a limen?

Sa pa vle di nou se fenyan

Tankou moun ki t’ap batay ki bay legen

Okontrè, nou se vanyan

Yon ewo pou chanjman

Si nou vle pou Ayiti dekole

Fok nou tout kolabore

Travay pou-n sa retirel nan tray

Se devwa tout ayisyen, tout plimay

Bagay sa yo ta dwe pozisyon-n

Si nou vle Bondye ede-n.

.

“Dièz ak Bemòl” est un blog d’opinions libres que vous pouvez utiliser pour publier vos textes ou faire la promotion d’Haiti en nous envoyant vos photos.

D’autres poèmes : "Fanm Dayiti" & "La Femme Mystérieuse"

About these ads

A propos DiezakBemol.com

“Dièz ak Bemòl” est un blog d’opinions libres que vous pouvez utiliser pour publier vos textes ou faire la promotion d’Haiti en nous envoyant vos photos.

Discussion

Pas encore de commentaire.

Qu'en pensez-vous? // Saw Panse de sa...

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion / Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion / Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion / Changer )

Connexion à %s

We Follow you Back

Les plus populaires

Insérez votre courrier électronique pour participer avec nous dans ce projet de vendre une autre image d'Haïti. "Je Participe"

Suivre

Recevez les nouvelles publications par mail.

Joignez-vous à 5 572 followers

%d bloggers like this: